KREYOL


Maladi Sida (HIV/AIDS) se youn maladi menm jan avek anpil lot maladi. Men anpil moun mal konpran maladi sa. Akoz de jan kek moun mal konprann maladi Sida, sa fe anpil moun mori byin vit. Espesyalman nan pey ki pov yo. Kote ki pa gen syen medical pou ede moun ki infekte. Men isit ozetazini, moun ki infekte avek maladi sida pa ta due mouri oubyen soufri anpil paske genyen anpil kalite remed pou ede moun sa yo. Paske anpil moun panse moun ki infekte avek maladi sida se moun kap mennen vi lib, sa fe anpil moun ki infekte ap viv nan kache. Yo itilize tou sot de eskiz pou you pa chache treman. Men kek ekzamp nan eskiz moun itilitze pou yo pa chache treman:

1. maladi sa pa youn bon maladi
2. sa se youn kout mo yo voye sou mwen,
3. se san’m ki sal
4. le ‘m te Haiti, mwen te kon’n pran move bin’y.

Pafwa moun sa yo itilize remed sa yo avek kwayans yo ka retire je’m maladi sou yo: le yo fi’n fe lanmou, yo lave vajin, ti pijon yo avek sitron, yo bwe lalouya, fe’y serosi, fe’y pwa kongo e avek anpil lot fe’y anko. Pa koute moun kap pale. Anpil nan yo, pa byen infome sou zafe maladi sida. Pa fwa yo pa men’m konnen ki bo pou yo ale ou byen rele pou yo ka jwen swen avek lot ed ki nesese. Remed fe’y bon min se pou tout maladi. Si ou infekte oubyen ou konnen youn moun ki infekte avek viris sida, ankouraje yo pou yo kontakte Project Reponse oubyen klinik sante ki pi pre yo. Project Response infome moun de jan moun atrape sida, tout tretman ki genyen epi yo fe tes sida. Le Project Response fe you tes sida, yo ba ou rezilta nan 15 minit. Alo, konesans se riches, rele Project Response oubyen klinik ki tou pre’w la pou plis konesans sou za fe sida. Le ou kontakte Project Response, yo kinbe tout enfomasyon yo sekre.

Pou infomasyon an Kreyol, kontakte youn nan moun sa yo:

Philippe Alexander
philippealexander@projectresponse.org

Sandra Alexis
sandraalexis@projectresponse.org

Naomi Bercy
naomibercy@projectresponse.org

Madeline Labbe
madelinelabbe@projectresponse.org


Treasure Coast Office

Location
3501 Orange Ave.
Ft. Pierce, FL

Mailing Address
Project Response, Inc.
P.O. Box 277
Ft. Pierce, FL 34954
(772) 464-0420, Phone
(800) 880-0679, Toll Free
(772) 467-0370, Fax



Please contact us today for more information about Project Response and living with AIDS